Fanm nan mond lan
Nan kad diskisyon ak aktivite divès, nou ofri fanm yo espas pou yo ka pi byen konnen sosyete akèy la ak tèt pa yo. Devlopman konpetans, sipò psikososyal, rezo, volontarya ak patisipasyon sitwayèn.
Aktivite kolektif12 sèvis
Atelye kreyatif
Atelye ki pèmèt pratike fransè pandan y ap inisye fanm yo nan pratik manyèl, kreyatif, aksesib ak ekolojik (egzanp: atizana...).
Sante ak kwizin
Aprantisaj bon abiti alimantè ak kwizin ekonomik ak pwodui kebekwa ak lòt kote.
Pri lapawòl ak pòtfolyo pwofesyonèl
Devlopman otonomi pwofesyonèl, pran desizyon, fikse objektif ak teknik pou pwomote tèt ou.
Patisipasyon sitwayèn
Atelye sou sosyete kebekwa a, kondisyon fanm yo, sansibilizasyon sou dwa yo ak angajman sosyal.
Kafe-diskisyon
Rankont pou fanm imigran k ap pataje eksperyans yo nan sosyete kebekwa a, diskite sou sijè ki konsène yo epi dekouvri nouvo resous.
Aktivite ki favorize byennèt
Sesyon mizanfòm ak jesyon estrès (egzanp: yoga, pilates...).
Sòti familyal
Ekskisyon òganize ki gen rapò ak sèvis akèy ak entegrasyon an.
Klib lekti ak resi lavi
Diskisyon sou lekti konbine ak pwojè ekriti kolaboratif ki kaptire resi pèsonèl.
Kou bisiklèt
Seri atelye pou inisye fanm imigran yo nan pratike bisiklèt nan yon ankadreman ki favorize echanj entkiltirèl.
Photovoice
Seri atelye patipatif ki mennen fanm yo echanje sou foto yo pran selon yon tematik defini. Patisipan yo pran foto negatif ak pozitif ki pataje epi diskite, lè yo apiye sou foto a kòm yon mwayen pou pataje eksperyans migratwa ak entegrasyon yo.
12 jou aksyon kont vyolans ki fèt sou fanm yo
Aktivite enfòmasyon ak sansibilizasyon pou bay fanm yo pi bon zouti fas a vyolans ki baze sou sèks.
Jounen entènasyonal dwa fanm yo (8 mas)
Aktivite pou souliye lit istorik pou dwa fanm yo ak chemen ki rete pou rive nan egalite.
Sèvis endividyèl2 sèvis
Sipò sikosoyal
Akonpayman pèsonalize ak konfidansyèl pou reponn ak bezwen ak defi espesifik fanm imigran yo.
Prevansyon vyolans
Akonpayman pèsonalize ak konfidansyèl pou fanm imigran ki gen bezwen espesifik nan domèn prevansyon oswa aksyon pou konbat vyolans konjigal oswa familyal, vyolans seksyèl oswa eksplwatasyon seksyèl.
